ESPAY   LaLiga   Segunda   CopaDelRey   Lòt  
AKÈY ESPAY Lòt

Lòt

Aprè 54 match yon jwè resi pèdi yon match ak peyi l nan tout karyè l

imaj atik la

15 novanm 2026   Benswilkenson Jean   951

Mitan tèren an k ap evolye nan ekip Paris Saint Germain an, Fabiàn Ruiz, konnen premye defèt nan karyè l ak seleksyon espanyòl la aprè 54 match.


Fabián Ruiz Pena se tout non jwè espanyòl ki ap jwe pòs mitan tèren nan klèb fransè Paris Saint-Germain an. Nan karyè jwè a li jwe 54 fwa pou seleksyon nasyonal espanyòl la.

Nan kad match Ligue des Nations kont ekip Angletè a, Bellingham ak koyekipye l yo mete do Fabián Ruiz atè pou premye fwa nan karyè l ak seleksyon espanyòl la. Angletè bat Espay 3-2 e Three Lions yo tou pwofite kraze yon gwo seri pou Fabian Ruiz.

Pandan karyè Fabian, mitan tèren an jwe 54 fwa ak Espay pou 38 viktwa, 15 match nil ak yon sèl grenn defèt.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou