nter Miami ranpòte Campeones Cup 2026 la aprè ekip Florid la te bat Cruz Azul 2-0, mèkredi swa nan Nu Stadium.
Lionel Messi te louvri eskò a nan 24èm minit, sou yon bèl sant Luis Suárez te fè. Messi te pran defans Cruz Azul la pou voye boul la nan fon filè a. Se te 100èm gòl li nan karyè l.
Aprè poz la, Cruz Azul te eseye reyaji, men Inter Miami te kontwole sitiyasyon an. Nan 81èm minit, Casemiro te double avantaj la pou Inter Miami aprè Messi te choute yon kònè brezilyen an te fè kout tèt la.
Malgre kèk okazyon ekip meksiken an te jwenn, Inter Miami te kenbe avantaj li jouk nan fen match la pou ranpòte twofe a.
Se yon nouvo sware enpòtan pou Lionel Messi ak Inter Miami, ki ajoute yon lòt tit nan palmarès klèb la, pandan Ajanten an kontinye make istwa li ak koulè woz yo.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou