FIFAMondyalMondyalClubAmikalLòt
AKÈY FIFA Lòt

Lòt

Nan peyi Bolivi yon gadyen aksepte pran 3 gòl pou sove fanmi l

imaj atik la

16 septanm 2026   Benswilkenson Jean   835

Aprè gwo menas yo te arive fè l, yon gadyen ekip nan peyi Bolivi te oblije aksepte pran 3 gòl pou yo pa t fè fanmi l mal.


Manuel Ferrel ki se gadyen klèb bolivyen Deportivo Guabirá te pase yon move moman nan yon match foutbòl. Daprè jounal FootAfrica, gadyen an te sibi gwo menas anvan li te al jwe yon match foutbòl ak ekip li kont ekip Always Ready a.

Daprè enfòmasyon yo anvan match sa, endividi te menase fè manman l ak madanm li mal si li pa aksepte pran 3 gòl nan match la. Efektivman nan 35èm minit match la, Ferrel te deja oblije kite ekip la pran 3 gòl yon fason pou l te sove fanmi an.

Apre match la antrenè ekip la te fè yon deklarasyon piblik pou konfime vrèman kèk endividi te mande jwè a pou l peye yon gwo sòm lajan oubyen pou l kite ekip la pran 3 gòl. Klèb la pote dosye a devan lajistis pou kounya gen yon ankèt ki louvri sou li.

Gen kèk lòt enfòmasyon ki fè kwè gadyen an te dwe endividi sa yo, men anyen poko konfime enfomasyon sa a.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )