Fè yon pi bèl eksperyans sou platfòm GolAyiti a. Aplikasyon mobil nou an pi rapid, pi fasil pou itilize epi li gen jwèt sou li ak enfòmasyon sou lejand Ayisyen yo ak klèb lokal yo.
Foutbòl Bèlj la pèdi youn nan ansyen atakan li yo. Roger Lukaku, papa entènasyonal bèlj Romelu ak Jordan Lukaku, mouri ayè dimanch 28 septanm nan, a 58 an.
Natif natal peyi Kongo, Roger Lukaku te rive nan lakou Bèljik nan lane 1990, kote li te siyen ak Boom aprè li te kite Lafrik. Li te fè non li ak ekip RFC Seraing nan premye divizyon an, epi aprè li te kontinye ak Germinal Ekeren. Nan karyè li, li make 47 gòl sou 135 match nan D1 bèlj la.
Aprè yon ti pasaj nan peyi Latiki, ansyen entènasyonal kongolè a te retounen Bèljik pou defann koulè Malines ak Ostende, anvan li fini karyè li nan divizyon ki pi ba yo. Roger Lukaku te toujou konsidere kòm yon travayè di ki te enspire pitit gason l yo nan chimen foutbòl.
Sou rezo sosyal yo, Romelu Lukaku, ki se pi gwo bitè nan listwa Djab Wouj yo, te rann omaj ak papa l. « Mèsi paske ou te aprann mwen tout sa m konnen », li te ekri.
Lanmo Roger Lukaku a kite yon gwo vid nan fanmi l, men tou nan kominote foutbòl nèlj la ki sonje l kòm yon jwè serye, efikas ak ki te gen anpil pasyon pou jwèt la.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou