Fè yon pi bèl eksperyans sou platfòm GolAyiti a. Aplikasyon mobil nou an pi rapid, pi fasil pou itilize epi li gen jwèt sou li ak enfòmasyon sou lejand Ayisyen yo ak klèb lokal yo.
Antrene pou yon bon bout tan nan tèt yon ekip pa janm fasil. Guy Roux li menm fè 44 lane nan tèt yon klèb.
Guy Marcel Roux ansyen mitan tèren fransè ki fèt nan lane 1938. Pou kounya li gen 86 lane.
Pandan karyè l Guy pa gen yon pakou kòm jwè pwofesyonèl. Men nan pakou amatè li te jwe nan klèb Aj Auxerre la nan peyi Lafrans.
Pakou ki pi enteresan nan karyè Guy se pakou l kòm antrenè. Nan lane 1961 li pral kite ekip amatè Limoges FC li tou nonmen antrenè klèb AJ Auxerre la.
Li te sèlman genyen 23 lane lè yo te nonmen l nan pòs sa. Li pral kenbe pòs sa pou jis lane 2005. Sa ki fè 44 lane nan tèt klèb AJ Auxerre la.
Pandan 44 lane sa yo, Guy Roux fè tout pakou yo ak Aj Auxerre sòti depi nan chanpyona rejyonal pase nan chanpyona amatè, rive nan dezyèm divizyon jiska premye divizyon jis li menm rive chanpyon Ligue 1 an ak Aj Auxerre.
Pandan 44 lane sa nan tèt AJ Auxerre li rive dirije pandan 1747 match, li fè 816 viktwa, 511 defèt ak 420 match nil.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou