FIFAMondyalMondyalClubAmikalLòt
AKÈY FIFA Mondyal

Mondyal

Ancelotti ak Brezil, tout bagay klè

imaj atik la

12 me 2025   Benswilkenson Jean   604

Federasyon brezilyèn lan finalman jwenn akseptasyon Ancelotti kòm antrenè seleksyon an.


CBF la ak Carlo Ancelotti jwenn yon akò pou vin pran pòs antrenè prensipal ekip la.

Depi aprè mondyal 2022 a, federasyon brezilyèn lan pa bouke tcheke antouraj antrenè italyen an pou vin mennen ekip la pou mondyal 2026 la. Aprè plizyè echèk sou echèk, direksyon federasyon seleção a te rete kwè fòk yo jwenn sèvis italyen an nenpòt fason an.

Ancelotti ki te sou kontra ak Real Madrid te dekline tout apwòch CBF la te fè l jouk li te menm rive pwolonje ak Real Madrid nan lane 2024.

Malgre tout refi sa yo, CBF la kole la nan kò mayestro italyen an. Finalman yo jwenn akò ansyen antrenè AC Milan an pou vin mennen seleksyon brezilyèn lan pou prepare mondyal 2026 la.

Akò sa vini aprè echèk brital Carlo Ancelotti pran sezon sa ak klèb madrilè lan. Malgre yo pran 2 koup pou sezon an sou 5 sa yo te ka pran.

Ancelotti ap kòmanse travay li kòm antrenè Brezil apati 26 me a. Se li menm ki ap sou ban touch ekip la apati mwa jen.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou