Aprè odyans ki fèt jodi mèkredi an devan komisyon apèl DNCG an, desizyon pran pou Olympique Lyonnais rete nan Ligue 1 an pou sezon k ap fini la. Dirijan Lyon yo te prezante devan komisyon an pou reponn sou eta finansye klèb la.
Prezidan klèb lan, Michele Kang, ak Michael Gerlinger te oblije mete tout pwa yo nan balans lan pou anpeche aplikasyon desizyon ki te kondane semèn pase an pou Olympique Lyonnais desann nan Ligue 2 an.
Chinwaz lan ki se youn nan aksyonè antrepriz Eagle Football te gen obligasyon pou montre sou kont Olympique Lyonnais an lajan ki sòti nan fon envestisman an pou fonksyònman klèb lan.
Yon satisfaksyon pou klèb fransè an ki pral kapab kontinye evolye nan Ligue 1 an, pandan yo pral fè plis efò pou reponn ak egzijans DNCG fè yo, prensipalman sou kesyon rekritman ak mas salaryal.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou