Kredi Foto: @Footmercato
Ansyen entènasyonal brezilyen an Ronaldinho rekòmanse jwe foutbòl nan peyi Itali.
Ak 46 lane kòm laj ansyen lejann brezilyen an Ronaldinho jwe ofisyèlman yon match pwofesyonèl nan yon klèb twazyèm divizyon chanpyona Itali a.
Apre 17 lane, ansyen jwè AC Milan an te jwe dènye match pwofesyonèl li ak Fluminense, Ronaldinho remete kranpon l pou al woule boul nan Serie C peyi Itali a anndan ekip Ravenna a.
Nan match ki te mete Ravenna fas ekip Forli a dimanch sa a, ansyen lejann Barcelone lan te kòmanse kòm titilè epi li te jwe 45 minit. Ansyen entènasyonal brezilyen an te patisipe nan aksyon ki mennen nan youn nan gòl ekip li Ravenna te make nan match la (2-0).
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou