Fè yon pi bèl eksperyans sou platfòm GolAyiti a. Aplikasyon mobil nou an pi rapid, pi fasil pou itilize epi li gen jwèt sou li ak enfòmasyon sou lejand Ayisyen yo ak klèb lokal yo.
Nan kad match dezyèm jounen Serie A italyen an, Juventus te fè deplasman pou ale chache yon viktwa lakay ekip Genoa a jodi dimanch lan. Rankont sa jwe nan lokalite Luigi Ferraris kote klèb tirinwa sòti tèt yo difisilman.
Aprè viktwa yo te fè kont Parme (2-0) semèn pase a, Juventus Turin metrize Genoa sou tèren lakay li (1-0) pou dezyèm sòti yo pou sezon an nan chanpyona Itali a. Pou te fòse desizyon sa, Vielle Dame lan ki t ap soufri jwenn delivrans yo gras ak Vlahovic (73èm).
Avèk 6 pwen, pou moman Juve okipe 2èm plas klasman an, li genyen menm valè pwen ak ekip Naples lan ki premye e nou jwenn Cremonese, AS Roma ki konte menm kantite a tou. Li rete pou nou konnen konbyen tan y ap fè ap kenbe.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou