Fè yon pi bèl eksperyans sou platfòm GolAyiti a. Aplikasyon mobil nou an pi rapid, pi fasil pou itilize epi li gen jwèt sou li ak enfòmasyon sou lejand Ayisyen yo ak klèb lokal yo.
Pandan semèn lan, Bayer Leverkusen te fè fas ak ekip Eintracht Francfort la nan kad match Bundesliga a. Sou koufran dirèk, Alex Grimaldo te fè yon double pou te pèmèt ekip la genyen (3-1).
Pandan semèn lan, Bayer Leverkusen te fè fas ak ekip Eintracht Francfort la nan kad match Bundesliga a. Sou koufran dirèk, Alex Grimaldo te fè yon double pou te pèmèt ekip la genyen (3-1).
Jodi a, nan kad premye match Ligue des Champions an, Grimaldo tounen fè eksplwa sou koufran pou ede Bayer Leverkusen rache yon pwen sou tèren Copenhague (2-2) pou premye sòti ekip la san Xabi Alonso.
Nan bèl match sa, danwa yo te poze pye yo sou balon an pandan yon bon tan nan match la e kòm prèv, Larsson (9èm) te lanse pati a nan tablo afichaj la. Men rive nan fen match la, aprè anpil rebondisman, piston goch espanyòl la te egalize gras ak twazyèm koufran li pou semèn lan (82èm).
San pran twòp tan, Skandinav yo te replike ak yon gòl tèt Robert te fè (86èm), e pou fini, malgre li pa t vrèman reyisi aksyon an, Echeverri te pouse Hatzidiakos make kont kan li (90e+1). Konsa Werkself yo sove nik lan.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou