UEFAChampionsLeagueEuroEuropaLeagueLòt
AKÈY UEFA ChampionsLeague

ChampionsLeague

Bayern Munich sou yon 22èm nan sa ki konsène Ligue Des Champions

imaj atik la

18 septanm 2025   Neuvième Junior   963

Pou premye sòti yo nan Ligue Des Champions an pou sezon sa, Bavawa yo enpoze yo (3-1) fas Chelsea gras ak 2 gòl Harry Kane make.


Swit ak viktwa sa, klèb alman an kontinye swiv tradisyon li pou yon 22èm viktwa konsekitif pandan premye match yo nan Ligue Des Champions. Bèl seri ki enpresyone gran piblik la kòmanse aprè yon defèt bavawa yo te fè kont Deportivo La Corogne (2-3) nan ouvèti sezon 2002-2003.

Depi aprè match sa, klèb Bayern lan afiche yon bilan: 22 siksè 63 gòl make e sèlman 8 gòl ankese pandan li kòmanse match Champions League. Fason yo regilye a montre pwisans Bayern sou sèn kontinantal la.

Aprè rankont lan, antrenè a te reyaji pou fè konnen se pa viktwa ki atire atansyon li. Vincent Kompany plis rejwi nan lespri kolektif li jwenn lakay jwè yo pandan li estime ekip la genyen pou pwogrese toujou.

"Gen kalite, ranpòte twofe e make gòl, se yon agay men pou w yon bon ekip epi kontinye pwogrese se yon lòt. Nou ap eseye pwoteje sa k fondamantal yo e bon abitid nou yo. Nou trè stab nan moman, men se sèlman kòmansman sezon an". Yon fason pou teknisyen Bèljik la fè tout moun poze.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )