Fè yon pi bèl eksperyans sou platfòm GolAyiti a. Aplikasyon mobil nou an pi rapid, pi fasil pou itilize epi li gen jwèt sou li ak enfòmasyon sou lejand Ayisyen yo ak klèb lokal yo.
Edisyon 2025-2026 Ligue Des Champions fanm yo an Ewòp ap make yon gwo chanjman nan fason konpetisyon an te konn ap òganize. UEFA vire do bay ansyen “faz gwoup” la pou mete yon nouvo sistèm ki rele “faz Lig”.
Nan nouvo fòmil sa a, pral gen 18 ekip ki rantre nan faz final la, sa vle di de (2) ekip ajoute sou kantite ki te konn genyen an. Chak ekip ap jwe 6 match (3 lakay yo, 3 deyò), chak fwa ak yon advèsè diferan, pa gen fòmil match ale tounen an nan premye pati konpetisyon an.
Aprè sizyèm jounen an:
•4 premye yo nan klasman an ap kalifye dirèk pou kadefinal yo.
• Ekip ki soti 5èm rive nan 12èm plas la ap jwe yon baraj nan fòm ale-tounen, 4 ekip ki genyen yo prale nan kadefinal.
Tout lòt ekip ki pi ba pase 12èm plas yo elimine nèt. Pa gen okenn repechaj pou yon lòt konpetisyon.
Final konpetisyon an fikse pou dewoule nan Ullevaal Stadion, vil Oslo, nan peyi Nòvèj, nan mwa me 2026 k ap vini la. Li pral youn nan gwo moman foutbòl fanm nan, nan kontinan an.
Anplis kouwòn Ligue Des Champions an, ekip ki ranpòte edisyon 2025-2026 la ap jwenn yon plas dirèk pou patisipe nan Mondyal Fanm yo pou klèb FIFA ap òganize nan lane 2027.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou