Fè yon pi bèl eksperyans sou platfòm GolAyiti a. Aplikasyon mobil nou an pi rapid, pi fasil pou itilize epi li gen jwèt sou li ak enfòmasyon sou lejand Ayisyen yo ak klèb lokal yo.
Antrenè Paris Saint-Germain an gen yon nouvo teknik pou anpeche jwè l yo ap plenyen nan kò abit la
Luis Henrique, antrenè espanyòl ki nan tèt ekip Paris Saint-Germain an pa sispann epate mond foutbòl la sitou foutbòl fransèz la.
Ansyen antrenè Barcelone lan sot ofri vil parizyèn lan premye twofe Champions League yo epi rejenere sistèm ekip Paris Saint-Germain an.
Fwa sa a, Lulu vini ak yon teknik pou anpeche jwè l yo plenyen twòp nan tèt abit la. Se defansè santral ekip li a ki pale sa nan medya.
Nan yon seyans entèvyou anvan premye match yo nan Champions League la sezon sa, defansè brezilyen an Marquinhos te pale sou sa nan mikwo laprès.
"Pou nou pa plede konteste chwa abit la, Luis Enrique soufle chak move desizyon nou yo nan antrènman" Marquinhos.
Avèk teknik sa a defansè brezilyen an fè kwè yo prè pou afwonte nenpòt sikonstans lan nan yon match. Li di se gras ak antrenè espanyòl la ki mize l sou tout ti detay.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou