UEFAChampionsLeagueEuroEuropaLeagueLòt
AKÈY UEFA ChampionsLeague

ChampionsLeague

Pep Guardiola reyaji nan mikwo laprès pou di sa li resanti anvan match Arsenal la

imaj atik la

20 septanb 2025   Neuvième Junior   994

Fas Tottenham (0-2) epi Brighton (1-2) Manchester City te konnen move moman anvan trèv entènasyonal la. E akoz sitiyasyon sa yo, klèb la te kwè yo tounen nan menm pwoblèm sezon pase a. Men 2 rankont ekip la ranpòte kont Manchester United (3-0) dimanch lan nan Premier League la epi Naples (2-0) jedi a nan kad Ligue des Champions an, antrenè a tounen jwenn soulajman.

Pou montre jwa li akoz ekip la fè efò, Pep Guardiola te reyaji.

"Ekip la pran yon lòt fòm pandan 2 dènye match li yo. San fwa nou, defansivman ak ofansivman, langaj kò nou te enkwayab tèlman li te bon. Mwen kontan anpil paske semèn lan te difisil. Nou gen yon bèl defi dimanch, men ale ak santiman sa pi bon." Fason antrenè Skyblues yo montre li satisfè nan konferans pou laprès.

Manchester City k ap eseye leve tèt li, gen randevou dimanch pou eseye fini semèn lan ak kè kontan pandan deplasman l ap gen pou fè pou defye Arsenal wikenn lan. Rankont sa se pou dezyèm match chòk 5èm jounen Premier League la.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )