Fè yon pi bèl eksperyans sou platfòm GolAyiti a. Aplikasyon mobil nou an pi rapid, pi fasil pou itilize epi li gen jwèt sou li ak enfòmasyon sou lejand Ayisyen yo ak klèb lokal yo.
Pep Guardiola te reponn kesyon sou absans De Bruyne lan aprè match Real-City a. Selon pwofesè espanyòl la, mitan tèren bèlj la pa t byen anvan match la.
Match tout moun t ap tann lan jwe. Yon match ki fini 3-3, yon match gason pa kanpe ant 2 ekip yo.
Gwo sipriz ki te genyen nan match sa se mitan tèren bèlj la De Bruyne ki pa t titilè e pa t gen chans antre nan match la.
Antrenè Citizens yo Pep Guardiola te reponn sou absans De Bruyne lan aprè match la. Selon pwofesè espanyòl la, mitan tèren bèlj la pa t byen anvan match la.
"Nou te fè yon reyinyon, li te prè men lè nou vin rive nan vestyè a, li te kòmanse ap vomi epi l di li pa prè aprè yon doulè li santi nan lestomak li" deklarasyon Guardiola sou absans Kevin Debruyne lan fas Real nan match ale 1/4 final Champions League la.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou