UEFAChampionsLeagueEuroEuropaLeagueLòt
AKÈY UEFA Lòt

Lòt

Poukisa Kylian Mbappé Ranpòte "Soulier d'Or" la Malgre Viktor Gyökeres Make Plis Gòl?

imaj atik la

2 novanm 2025   Steve Pierre   771

Kylian Mbappé resevwa gwo twofe "Soulier d'Or Ewopeyen" an pou sezon 2024-2025 lan vandredi pase a. Atakan fransè a, ki te fè 31 gòl nan Lig Panyòl la (Liga) ane pase, rive devan syedwa a, Viktor Gyökeres, menm si Gyökeres te fè 39 gòl nan chanpyona Pòtigè a.


Se te devan papa l, Wilfrid Mbappé yo te remèt Mbappé gwo rekonpans sa jou ki te 31 oktòb la. Anpil moun te panse se Gyökeres ki t ap genyen l, paske li te make uit gòl anplis jwè Real la ak ekip Sporting Portugal la.

Poukisa Gòl Yo Pa Gen Menm Valè? Sekrè a chita nan yon règ espesyal yo mete an plas depi 1996 pou bay "Soulier d'Or" a. Dapre règ sa, tout gòl pa gen menm valè selon nivo chanpyona kote yo make yo:

• 2 Pwen pou chak gòl nan chanpyona ki nan Top 5 UEFA (Almay, Angletè, Espay, Frans, Itali).

• 1.5 Pwen pou chanpyona ki klase sòti nan 6èm rive 22èm plas nan klasman UEFA.

• 1 Pwen sèlman pou chanpyona ki klase aprè 22èm plas la.

Chanpyona pòtigè a klase 7èm nan UEFA a, sa ki mete l nan kategori "lig entèmedyè" a (1.5 pwen pou chak gòl yon jwè make). Gyökeres ak 39 gòl li yo, fè yon total de 58.5 pwen (39 miltipliye pa 1.5 = 58.5).

Kòm Liga Espanyòl la se yon chanpyona "Top 5" (2 pwen pou chak gòl yon jwè make), Mbappé ak 31 gòl li yo fè yon total de 62 pwen (31 miltipliye pa 2 = 62). Se konsa Mbappé, menm ak mwens gòl, rive ranpòte gwo rekonpans sa.

Aprè li fin resevwa twofe a, Mbappé te prezante l bay tout fanatik yo nan Bernabeu a. Sa te fèt anvan gwo match Real Madrid te jwe kont Valence lan, ayè samdi 1e novanm lan. Madrid te kraze yo (4-0), atakan fransè a te make de (2) gòl nan match sa.

Pou montre jan ekip la ini epi pou remèsye yo, paske nan deklarasyon li fè li a li di se gras ak yo, Mbappé te pran yon bèl foto avèk tout koyekipye li yo sou teren an, ak "Soulier d'Or" la nan men l.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )